Choose a track to play
Ènmi soti pou bare mwen
Di vye pawòl pou kondane mwen.
Men Bondye fidèl, Li p ap lage mwen
Li fè wout pou m al pi lwen
Kèk fwa yo fè konplo sou do mwen
Pou ta rive elimine mwen
Byen konte, men yo mal kalkile
Paske Bondye kanpe pou mwen
Ènmi pa ka bare m
Paske m nan plan Bondye
Destine m trase deja
Ak Bondye, m ap gen viktwa
Djab pa ka bare m
Paske m nan plan Bondye
Oh, destine m trase deja
Ak Bondye, m ap gen viktwa
Bondye gen gwo projè pou mwen
Gen lòt ki panse m pap anyen
Devan pwisans Bondye, tout fòs dwe tenyen
Oh, m pa gen pou m pè, ni krent pou mwen sèlman mwen kwè
Ki fòs ki ka oze kanpe devan Bondye
Li menm lè L pale, latè pran tranble
Mwen deklare montay yo deplase
Miray tonbe ban m pase
(Djab pa ka bare m)
Paske m nan plan Bondye
(Paske m nan plan Bondye)
Destine mwen
(Destine m trase deja)
Ak Bondye, m ap gen viktwa
(Ènmi pa ka bare m)
Djab pa ka bare m
Paske m nan plan Bondye
Destine
(Destine m trase deja)
Ak bondye, m ap gen viktwa
Tande sa
Ou menm k ap viv toupatou sou latè
Se vre djab la ka vle mete defi devan w
Konnen byen lè Bondye gen kontra sou lavi ou
Pa gen anyen ki kapab bloke l
Menm jan L di nan Jeremi
Pwojè l fome sou ou menm
Projet de paix, non de malheur
Li chita sou twòn Li
Pou Li m gen yon avni
Non m pa ka echwe
Li chita sou twòn li
Pou Li m gen yon avni
Non, m pa ka echwe
Non, m pa ka echwe
Paske m nan plan Bondye
Wi, mwen kwè
Ak Li, m ap rive
(Non, non, non!)
Non, m pa ka echwe
(Paske m nan plan Bondye)
Paske m nan plan Bondye
(Wi, mwen kwè)
Wi mwen kwè
(Wi mwen kwè)
Avèk Li, m ap rive
(Non, non, non, non, non, non)
Non, m pa ka echwe
(Lavi m trase nan men Li)
Paske m nan plan Bondye
(Wi, mwen kwè)
Wi, mwen kwè
(Wi, mwen kwè)
Avèk Li, map rive (non, m pa ka echwe, non)
Wi mwen kwè
Avèk Kris, m ap rive
Wi mwen kwè