Choose a track to play
M wèl kriye m wèl blese
M wèl gade sanl pa joure
M wèl koute sa nonm yo dil
San li pa janm demanti yo
Kèl sere men lap souri
Li fatige menl pa lage
Nan fè tout moun plezi li rete
Bon gade janl bliye tèt li
Li kenbe tèt pou aparans
Li aksepte tout vye pwomès
Lap pèdi fos nan fo karès
Chak sa yo fèl sans konsekans
Pa ka konprann sa lap chèche
Bouke palel menl pa vle koutem
M dil
Vinn jwenn mwen
Kase tèt tounen
Pa koute kolèw bebe
Kase tèt kase tèt fè on ti gade dèyè
Vinn jwenn mwen
Kase tèt tounen
Pa koute kolèw bebe
Kase tèt kase tèt fè on ti gade dèyè
Banm yon chans non
Fèm konfyans wi
Kenbe menm pou yon ti tan
Pou kontre lanmou yon lòt jan
M kwè nan pasyans
M kwè nan renmen
Ou pap nan reziyen non
Ann pran yon chans pou yon sèl dans
Vin jwenn mwen
Kase tèt tounen
Pa koute kolèw bebe
Kase tèt kase tèt fè on ti gade dèyè
Vin jwenn mwen
Kase tèt tounen
Pa koute kolèw bebe
Kase tèt kase tèt fè on ti gade dèyè
O wi m gen lafwa
Map mèt ajenou
Devan nan pyew
Poum kenbe menw yon fwa
Tanpri fè yon chwa
Fon louvri kèw
Met tèt ou douvan
Poun bay lanmou yon chans
O wi m gen lafwa
Map mèt ajenou
Devan nan pyew
Poum kenbe menw yon fwa
Tanpri fè yon chwa
Fon louvri kèw
Met tèt ou douvan