Men pou kisa renmen souvan pa jan'm diri!
Chak fwa 2 moun rankontre.
Men pou kisa demen y'oblije kite!
Jis yo vin de lenmi jire.
Gen de fwa lè yo ap pale,
Yon sèl bagay nou toujou tande.
Cheri nou renmen pou'n pa jan'm kite,
Men sèman sa a konn fè yo kriye.
Vwazen, vwazin pa foure bouch nan sak pa gade'n.
Pa foure, pa foure bouch nou.
Vwazen, vwazin konn pote ale, ti Tripotay fè ti dife vole.
Konn fè yo pa jan'm pale, konsa tou yo konn kite.
Gen yon'n nan yo k'konn paka kenbe, pou jan lavi'l vin dekontwole.
Kè'k fwa li menm konn defigire, tèlman li vin paka manje.
Men lè bagay sa a yo rive vwazen, vwazin pa kouri pale.
Li ta bon si'w ta ret gade, pou pèson pa bò'w chay pote.
mwa konn pako men'm rive, ti basès kòmanse mete pye.
Pafwa se youn konn ap chèche pou rekonsilye.
Vwazen, vwazin pran san'w pa pale.
Vwazen, vwazin pa foure bouch nan sak pa gade'n.
Lè 2 moun renmen, pou yo pa bannou chay pote non non non.
Vwazen, vwazin pa foure bouch nan sak pa gade'n.
Lè 2 moun renmen, pou yo pa bannou chay pote non.