Elige una pista para reproducir
Delivre m non, Bondye
Prese vin pote m sekou, Senyè
Moun k'ap chache touye m yo
Se pou yo wont
Se pou yo pa ka leve tèt yo
Moun ki anvi wè malè rive mwen
Se pou yo renka kò yo
Se pou yo wont
Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo
Se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont
Amen
Prese, Vin pote m' sekou Senyè
Lenmi lonje dwèt sou mwen
L'ap fè plan pou l' touye mwen
W'a tande
Vwa m' k'ap kriye Senyè
Gen sa k' vle malè pou mwen
Gen sa k' vle lanmò pou mwen
-Ref-
W'a delivre m'Souple BonDye
Fè sa ou vle
Lènmi va wont Lè ou pale
Glwa w' eklate
W'a delivre m'Souple BonDye
Fè sa ou vle
Lènmi va wont Lè ou pale
Glwa w' eklate
Plan lènmi an gen pluzyeu paj
Plan trayizon ak espyonaj
Lè l' akize m' wa pale pou mwen
Si l' atake m' wa goumen pou mwen
E souple delivre mwen
W'a delivre m'Souple BonDye
Fè sa ou vle
Lènmi va wont Lè ou pale
Glwa w' eklate
W'a delivre m'Souple BonDye
Fè sa ou vle
Lènmi va wont Lè ou pale
Glwa w' eklate
Delivre m' de sa mwen wè
Delivre m' de sa mwen pa wè
Mache avè m' lannwit fè nwè
Mache ave m' lajounen klè
O gran protektè
Nan ou mwen kwè Awi
O gran kreyatè Mèt linivè
Alo tiLou
BonDye delivre w' tou
Awè
Men Delivrans lan
OuwooOo
OuwooOo
OuwooOo
OuwooOoOo
OuwooOo
OuwooOo
OuwooOo
Delivre mwen
Delivre mwen
BonDye delivre mwen
Delivre mwen
De sa m' pa konnen m' pa wè
Mwen konnen w'ap proteje mwen
E lè tout moun fè m' lagè
Mwen konnen w'ap konbat pou mwen
Delivre mwen
Delivre mwen
BonDye delivre mwen
Delivre mwen
Vin sove mwen
Vin sove mwen
Jezi Vin sove mwen
Vin sove mwen
Tilou Ou wè la Delivrans lan prè
E l' garanti Au nom de Jesus
Senyè M'ap rele w'
M' konte sou ou
Pa kite m' wont
Senyè M'ap rele w'
M' konte sou ou
Pa kite m' wont