Ou toujou rive lè mwen bezwen w
Ou konn manyen mwen tankou yon solo
Chak fwa w'ap souri mwen pèdi tèt
Ou ban m' chalè mwen pa jwenn lòt kote
Ou toujou rele m' lè lanwit fè frèt
Apiye tèt ou sou pwatrin mwen dousman
Ou dim ou pa vle pèdi sa nou gen
Men w'ap jwe ak dife baby pran prekosyon
Tèt mwen vire chak fwa ou prè'm
Ou fè m' bliye tout stress baby
M konnen w'ap toupizi m' dous (si si)
Men se konsa m' renmen l
Fèm voye fèm voye
Lè w'ap bouje konsa m'pa ka kontwole
Banm lanmou banm kole
Ou se sèl ki ka fe mwen pa ka sove
Ou fèm voye
Ou fèm voye
Ou fèm voye nan syèl lan baby
Ou fèm voye
Ou konn desann dousman sou beat la
W'ap jwe nan lespri m' tankou yon mizik
Ti mouvman ou yo fè m' pèdi nannan
Se tankou kè w' ap pale ak kè m' anndan
Lè w' tounen dow ou fè m' malonèt
W'ap voye challenge mwen pa janm ka refize
Ou di mwen chill map fè twòp presyon
Ou mete kò w' tankou yon tantasyon
W'ap voye je ki fonn nanm
Oh cherie kè m kontan
Pou ou m pa pe pran prison
Ou konen mwen la pou Lontan
Tèt mwen vire chak fwa ou prè'm
Ou fè m' bliye tout stress baby
M konnen w'ap toupizi m' dous (si si)
Men se konsa m' renmen l
Fèm voye fèm voye
Lè w'ap bouje konsa m'pa ka kontwole
Banm lanmou banm kole
Ou se sèl ki ka fe mwen pa ka sove
Ou fèm voye
Ou fèm voye
Ou fèm voye nan syèl lan baby
Ou fèm voye