Ouh-ouh-ye-ye
Wo-ouh-oh-oh
M jis wè w, lespri m sote
Gen yon bagay nan jan w gade (gade, gade)
Ou pa di m, men m konprann ou
Chalè w gentan boule m, doudou
M santi m antre san pèmi
Se pa jwèt, se pa plezantri
Si w santi l tou, vin wè sa
N ap boule nèt si ou sou sa
Doudou, voye je w pou wè m
M la pou ou, pa fè sanblan
Si ou vle menm jan avè m
Nou ka fè kè n kontan
Si w di wi, nou gentan la (gentan la)
Cheri, m ap tou ba ou l la (ba ou l la)
Pa vin dodine, ou deja wè (deja wè)
Se ou m vle, se pou ou m ye (pou ou m ye)
M santi w deja pare
Pa pèdi tan, sere m san rete
M santi w deja pare
Pa fè diskrè, ann vwayaje
Tout vizyon m deja klè
Se sou po w m vle benyen
Pran plezi tout jounen
San pèdi nuit, pran kè m tout lè
Doudou, voye je w pou wè m
M la pou ou, pa fè sanblan
Si ou vle menm jan avè m
Nou ka fè kè n kontan
Si w di wi, nou gentan la (gentan la)
Cheri, m ap tou ba ou l la (ba ou l la)
Pa vin dodine, ou deja wè (deja wè)
Se ou m vle, se pou ou m ye
(Mete bagay nan men m, cheri)
W a mete, w a mete
(Mete bagay nan men m, baby)
Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou
(Mwen wè m nan ou)
Pa di m non, cheri, pa di m non, doudou
(Mwen wè m nan ou)
Je ou di m anpil bagay, doudou
Ou wè l tou, baby, ou wè sa tou, doudou
M nik kwaze w, mwen tonbe pou ou
Je w se lanmè m swaf pou m plonje
Nan bra w, m vle fonn, bebe
Chalè w se solèy mwen, limyè nan fènwa m
M pa ka tann, vin ban m sa
Vwa w se mizik nan kè m, doudou
Kò w s on zèv m swaf pou m touche
Gade m byen, m anvi w, bebe
M vle plonje, m pèdi nan ou
Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou
(Mwen wè m nan ou)
Pa di m non, cheri, pa di m non, doudou
(Mwen wè m nan ou)
Je ou di m anpil bagay, doudou (mwen wè m nan ou)
Ou wè l tou, baby, ou wè sa tou, doudou (mwen wè m nan ou)
M annik kwaze w, mwen tonbe pou ou, oh-oh
Oh-oh-oh
Mete bagay nan men m, cheri (oh-on, mete, oh)
Mete bagay nan men m, baby