Elige una pista para reproducir
Kouri dèyè sa w renmen an
L'ap kouri dèyè sa'l renmen an
Men stop
F'on ti gade dèyè
G'on lòt moun nan jwèt la
Èske'n pa janm bouke yon fwa
Èske'n ka eksplike kisa
Ki fè nou ret konsa
Pouki nou pa janm konprann sa
Pouki'n vle sakrifye'n pou on moun
Ki pa menm wè si'n la
Poutan g'on lòt menm ki malad
Tout lajounen nan bouch li non'w
[Ape fè koral]
Papye lakay li pa ret plas
Li ta pouse zèl si yon jou
Ou ta pale'l de maryaj
Kouri dèyè sa w renmen an
L'ap kouri dèyè sa'l renmen an
Men stop
F'on ti gade dèyè
G'on lòt moun nan jwèt la
Kouri dèyè sa w renmen an
L'ap kouri dèyè sa'l renmen an
Men stop
Fon ti gade dèyè
Gon lot moun nan chenn nan
Èske'w pa janm reve bonè
[Bèl flè bèl plezi bèl jès love]
Èske'w pa janm reve gen on moun
Ki fè [ou santi'w gen valè]
Di'm poukisa'w pa renmen tèt ou
Di'm poukisa'w prefer'on moun
Ki la [pou' l pran plezi avèw]
Poutan g'on kè menm ki malad
A chak batman'l m'tande non'w
[kape fè koral]
Miray lakay li pa ret plas
Li ta pèdi lang li si yon jou
[Ou ta ofri l yon balad]
Kouri dèyè sa w renmen an
L'ap kouri dèyè sa'l renmen an
Men stop
F'on ti gade dèyè
G'on lòt moun nan sèk la
Kouri dèyè sa w renmen an
L'ap kouri dèyè sa'l renmen an
Men stop
Fon ti gade dèyè
Gon lot moun nan chenn nan
Tout mal ou andire yo tout yo pasaje
Efase rankin nan kè'w
Pou'w kapab avanse zanmi mwen
Sispann kriye pou yon moun
Ki panse li gen viktwa
Men gade otou de ou
Gen yon lòt moun k'ap tann ou
Li difisil
O wi li prèsk'enposib
[Pou'w renonse a moun sa
Men sa'w vle]
Li difisil
O wi li prèsk'enposib
Pou'w renonse a moun sa
Konnen w pap ka bliye l
Tout panse'w se pou li
Tout chante'w se pou li
Poutan li pa menm wè'w
[Èske'w pa santi'w imilye]
Tout priyè'w se pou li
Tout pwezi 'w
Ou rayi l ou renmen'l
W'pa bezwen pè fò'l peye tout
Mizè l fè'w pase
Li difisil
O wi li prèsk'enposib
[Pou'w renonse a moun sa
Men sa'w vle]