Elige una pista para reproducir
Ki kote'm ta ye pou'W pa ta wè'm
Sim Monte nan syèl se la Ou ye, Si'm monte nan syèl se la Ou ye
Desann nan fon lanmè pa gen sekrè
Ou konn tout bagay, Ou wè tout kwen, Ou konn tout bagay
Oh oh oh
Ou se solèy la k'ap briye sou mwen
E mwen pa ka elwanye fas Ou
Ou se lalin k'ap klere tout nwit
Mwen konnen Ou toujou la ak mwen
Ahahahahah
Nan chak kwen mòn
Ou jwenn wout mwen
Nenpòt kote'm ye
Ou toujou prezan, Yeah yeah yeah yeah
Ou konplete tout sa yo ki manke
Ou se lavi nan chak respirasyon
Ou se solèy la k'ap briye sou mwen
E mwen pa ka elwanye fas Ou - Ohohohohoh
Ou se lalin k'ap klere tout nwit
Mwen konnen Ou toujou la ak mwen
Nan moman nwa
Ou kenbe men'm, Mwen pa janm pou kont mwen
Ou toujou bay fòs
Pou'm ka reziste
Lè mwen pèdi
Ou ale chèche'm, Kit kote'm taye pou'W pa ta wè'm
Wi Ou se epwa'm
Ou se tout pou mwen, yeah yeah yeah
Ou se solèy la k'ap briye sou mwen, Tout kote'm pase Ou la avè'm
E mwen pa ka elwanye fas Ou
Mwen paka elwanye fas Ou no, no oh
Ou se lalin k'ap klere tout nwit - No oh, no oh
Mwen konnen ou toujou la ak mwen
Se Ou ki nan kè mwen nan jou, nan nwit
Ou se jwa mwen lè m'atriste
Lè bato mwen vle chavire
Ou toujou la e'W prè
Come on
Ou se solèy la k'ap briye sou mwen
E mwen pa ka elwanye fas Ou, Non non m'pa ka elwanye fas ou non, non non
Ou se lalin k'ap klere tout nwit
Mwen konnen ou toujou la ak mwen
Ou konn tout bagay, Ou wè tout kwen
Ou wè tout bagay, konn tout sam fè
Ou konn tout bagay, Ou wè tout kwen
Ou wè tout bagay, konn tout sam fè
Uh uh uh uh