Elige una pista para reproducir
Lè van lanmou soufle mwen
Tè mwen te sèk, fèy fennen
Yon move tan m pa t ka tann
Ou s on lapli m pa t atann
Douvan jou konn bare mwen
San espwa kounya m genyen
Plen objektif ou ladann
Ou se limyè mwen
Mete sou
Konbyen fwa ou te fòse desten w jis pou w ka kontre m sou wout ou
Kounya gade nou
Mwen Beni jou
Kote m te wè bonè m k ap defile pou li sa vini jwenn ou
Kounya gade nou
O limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
O wi limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
Lè solèy lanmou w jwenn ak jaden kè mwen
Pa t janmen vin di w efè l fè sou flè mwen
Pou fè w mal yo ta dwe pase sou fyèl mwen
Tout sa pou m montre w Pou ou m dedye swè mwen
Mete sou
Konbyen fwa ou te fòse desten w jis pou w ka kontre m sou wout ou
Kounya gade nou
Mwen Beni jou
Kote m te wè bonè m k ap defile pou li sa vini jwenn ou
Kounya gade nou
O limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
O wi limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
Si mwen se sik ou se sèl
Ou se sèl fanm k esansyèl
E nan syèl mwen w ap briye briye kou etensèl
Tout jan ou bon pa bezwen kraze kò w pou w bèl
Pou jan m te kon malgre sa ou pran mwen
Ou fè, ou fè
Ou fè m wè mwen vo pi plis ke sa
W antre nan vi m ou loke sa
Ex yo pa t janm rive fè sa
Rele w peau lisse kou Lokesha
Ou fè m wè mwen vo pi plis ke sa
W antre nan vi m ou loke sa
Ex yo pa t janm rive fè sa
Rele w peau lisse kou Lokesha
O limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
O wi limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
Si jodi a ta denyè jou ou
M t ap fè yon chwa ki pa lòt ke tou swiv ou
E si nan men w doub 6 sa ta denyè bout ou
M t ap sakrifye m yon fwa
Pou m chyen pou ou
O limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè
O wi limyè mwen limyè mwen limyè mwen
Lè mwen nan fenwa ou se limyè