Li lè nou debloke lari a
Gad kijan nap viv la
Son bal kap pati
Pa kitem domi
Blakawout la fem santi m'envizib
Kite nou viv Fè peyim chanje
Limwè map mande'w tanpri fon'w klere la
Pou soley ka leve etenn tout fè nwa
Nan ki kondisyon nou kite fanmi'n laa
E poukisa
Nenpòt magouy
Yo ba'l pase
Koripsyon
Yo ba'l pase
Kidnapin
Yo ba'l pase
Divizyon
Yo ba'l pase
Pouki magouy
Yo ba'l pase
Koripsyon
Yo ba'l pase
Kidnapin
Yo ba'l pase
Divizyon
Yo ba'l pase
Nan Peyim
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Nan Peyim
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Nan peyim
Deja konnen nou son pèp vanyan
Men nou pa vle kontinye viv nan mizè
Fow konnen nou gen fòs anndan
(Nou tout)
Nou gen dwa pou n'reve
Gen pouvwa pou n'leve
Gad jan yap pase'n nan kaka
Lagel sou do pèp la
Yo fin blaze'n yo krazen
Kounya yap vann nou sak pou nou
Yo san remò
Yo Vle bloke nou nan fènwa
Pandan lari ap pran dife
Se saw plante wap rekolte
Go
Kote kote moun yo
Dat nap naje n'paka soti
Non non non non
Peyim te ka on paradi
Kote kote
Men tout lajounen nap sibi
Nenpòt magouy
Yo ba'l pase
Koripsyon
Yo ba'l pase
Kidnapin
Yo ba'l pase
Divizyon
Yo ba'l pase
Pouki magouy
Yo ba'l pase
Koripsyon
Yo ba'l pase
Kidnapin
Yo ba'l pase
Divizyon
Yo ba'l pase
Nan Peyim
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Nan Peyim
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Nan peyim
Deja konnen nou son pèp vanyan
Men nou pa vle kontinye viv nan mizè
Fow konnen nou gen fòs anndan
(Nou tout)
Nou gen dwa pou n'reve
Gen pouvwa pou n'leve
Ayisyen nou ye lè a rive
(Ayisyen)
Chèn yo blije kase nan tèt nou l'ye
(Kase Kase Kase)
Ayisyen nou ye pa blive
(Pa blive pa blive)
Chèn yo blije kase se sa nou vle
Sèvolan pase
Jilèt koupe fil la wè l'monte
Ayiti chanje
Pou timoun kal lekol ap etidye
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Nan Peyim
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Nan Peyim
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Sèvolan pase
Jilèt koupe fil la wè l'monte
Ayiti chanje
Pou timoun kal lekol ap etidye
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Deja konnen nou son pèp vanyan
Nan peyim