Kè mwen se yon pèkisyon, yon ti tanbou lanmou
Ki bat a chak fwa ke l' wè ou
Tanpri di m' ou renmen m' tou
Mwen pa vle tann pou m' di w' tout sa m' panse de ou
Pou rès vi m' m'ap met ajenou
Pou m' ka montre w' jan m' fou pou ou
Yon ti Alize ke nou te bwè
Ba nou feeling ba nou koulè
Louvri je a nou fè nou wè klè
Yon lanmou k' te sere sou kè n'
Ou se sèl fanm ki fè m' bliye koulè tafya k' nan tèt mwen
Sèl melodi ke mwen chante pou fè m' bliye tout dèt mwen
Premye mèvèy sou latè chak fwa m' wè w' m'santi se fèt mwen
Baby, ou se mèt mwen
Mwen menm avè w' se de men lè n' ansanm m'santi nou fè youn
Paradi pa ekziste se moun te vle fè n' konprann
Si w' vle m' kenbe m' si w' pa vle fe m' konnen
Men pa fè m' pèdi tan m'
Baby!
Yon ti Alize ke nou te bwè
Ba nou feeling ba nou koulè
Louvri je a nou fè nou wè klè
Yon lanmou k' te sere sou kè n'
Pye m' teke m'tonbe pou ou cheri
Baby ou ban mwen filalilaling girl
M'anvi bwè w' jouk nan dènye gout
Cheri m'pa vle moso ban m' tout
Pye m' teke m'tonbe pou ou cheri
Lanmou fè m' sou fè m' trebiche
Men m' adikte m'pa vle kanpe
Pye m' teke m'tonbe pou ou cheri