Mwen tonbe sou yon foto w
Yon imaj ki vo mil mo
E se jou sa ke w blese m
Avan ou vire do w ale
Ou te di m lavi ouvè je w
Ke w te nayiv lè w te renmen mwen
Ke sa p ap janm rive w ankò
Se domaj pou lanmou nou (lanmou nou)
Lavi m avè w pa sa w espere
Men se domaj pou lanmou nou
Si w ret avè m ou p ap pwogrese
Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w?
Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?
Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w?
Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?
Men se domaj pou lanmou nou (lanmou nou)
Jodi a ou wè nou pa sanble
Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w?
Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?
Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w? (di m si w jwenn yon moun)
Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?
Isi, Kreyòl la
Tout moun konn rès la
Men bon bagay la
Se domaj
Se domaj
Se domaj
Se domaj
Si w kite m pou sa
Ay, men se domaj
Si w kite m pou sa, se domaj
Chante, chante
(Ay, men se domaj)
Si w kite m pou sa, se domaj
Èske ou jwenn yon moun ki prè pou l fè zanmi l ènmi?
Ki sèvi w pou dra blan pou non w pa site nan lari?
Èske ou jwenn yon moun ki toujou prè pou l ba w rezon?
Menm si se ou k antò, pou n pa fache, l mande w padon
Ay, men se domaj
Si w kite m pou sa, se domaj
Ay, men men se domaj
Si w kite m pou sa se domaj
Èske w ou jwenn yon moun ki ba ou tout pou l ret grangou?
Depi l goute saliv ou, l santi l byen, bouch pa l gen gou?
Se domaj (Amédée)
Se domaj (yo kite w pou sa papa)
Anh, e konsa?
Se domaj
Se domaj
Si w kite m pou sa
Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w?
(Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?) fè wout la avè w
(Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w?) di m si w jwenn non
(Èske w jwenn yon moun fè wout la avè w?)