Li ba w tan l, nanm li, livre tèt li a ou
Tout jès li pwouve ke se pou ou l ap viv
Li ba w kontwòl lavi l, mmh-mmh
Pandan w pa janm wè enpotans li
Sa k nan mind li se just pou fè w plezi
Ou gaspiye l
Kote k gen kou pa janm gen chenn
Moun ki bezwen lanmou pa janm ka jwenn
Non, non, non
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman trete l byen
M t ap fè ansòtke tout èks li vin jalou
Pou filing yo, pou, li pa janm bout
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman jere l byen
M t ap ba l valè pou tout zanmi l vle nan plas li
Pa janm met lòt moun anfas li, non
Wo-ouh-oh, yè-eh
Wo-ouh-oh, wo-ouh-oh, yè-eh
Wo-ouh-oh-oh, ye-eh, iye-eh
Mon ami, ou jwenn lò
Men ou pa aprann apresye l
Ou pito meprize l
Lamitye, ou jwenn dyaman
Ou pa konsyan ke l presye
Entansyon w se brize l
M pa ta swete w oze kite l, w al jwenn yon lòt
Ou panse k pi bon pase l
Petèt se lè l kite w, li jwenn yon lòt, w ap wè
Kote k gen kou pa janm gen chenn
Moun ki bezwen lanmou pa janm ka jwenn
Wo-oh-oh
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman trete l byen
M t ap fè ansòtke tout èks li vin jalou
Pou filing yo, pou li, pa janm bout
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman jere l byen (tèlman jere l byen)
M t ap ba l valè pou tout zanmi l vle nan plas li
Pa janm met lòt moun anfas li, non
Kenbe l
Kenbe l la (kenbe l)
(Kenbe baby w, kenbe l, kenbe l, Apachidiz yo)
Kenbe l
Kenbe l la
Gen moun ou jwenn, se kenbe l la
Desten p ap ba w chans sa de fwa
Depi l kite w, l ap kite w nèt
Depi l ale, li ale nèt
Gen moun ou jwenn, se kenbe l la
Desten p ap ba w chans sa de fwa
Depi l kite w, l ap kite w nèt
Depi l ale, li ale nèt
Mwen t ap make sure m fè yon sèl avè l (si m te nan plas ou)
Pa bay chans pou l wè nan lòt moun aprè m (si m te nan plas ou)
M pa bezwen di w kòman m t ap pwoteje l (si m te nan plas ou)
Konble l pou pyès moun pa ka apwoche l
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman trete l byen
M t ap fè ansòtke tout èks li vin jalou
Pou filing yo, pou li, pa janm bout
Si m te nan plas ou
M t ap tèlman jere l byen
M t ap ba l valè pou tout zanmi l vle nan plas li
Pa janm met lòt moun anfas li, non