Оберіть трек для відтворення
Jodi a se pi move jou
Nan lavi n
Gade gwosè on kou
Sa fèm mal
Poum gade w devan m kap kriye
Poukisa poukisa se nou
Yo chwazi mete ajenou
Men m pa vle w panse
Ke lanmou nou ap janm sispann briye
Pou yon enjistis
Lavi n baskile
Chanje tout plan n te genyen
Gad kijan sa tris
M tounen on kriminèl
Pandan ke m pa fè anyen
Men avanm ale
Avan ou bo m yon dènye fwa
Avan yo pase m minòt la
Avan m franchi ti pòt sa
Son sèl bagay ki fè m pè
Se si en cours de route
Ou ta febli , se tap pi gwo lapè n
Pou m wè
Ke ou ta deside
Deside pran on lot chimen
Mwen vle w promèt ke wap ret tann mwen
Ret tann mwen
M pata renmen ti pa ti pa
Ou annik disparèt nan vi m
Mwen vle w promèt ke wap ret tann mwen
Ret tann mwen
Je compterai les jours ,les semaines ,les mois
Jusqu'à ce que je revois ton sourire
Annik promet ke wap tann mwen
Ouuuuuh
Pa bliye Pa bliyeeeeee
Pa pa pa
Non Pa kite sa riveeeeee
Pa bliye Pa bliyeeeeee
Pa pa pa
Non Pa kite sa riveeeeee
Mwen konnen gon pakèt jalou
Ki pral di m te wè sa pou nou
Yo pral Tcheke w kou giyon
Tout pral eseye pase pou pi bon
Men ale di yo vouzan vouzan
Lanmou m pou ou son lanmou san pou san
Cheri w se solèy midi m , lalin minwi m
Ou se tout lavi m
Men sa tap detwi m
Pou m wè
Ou ta deside
Deside pranw lot chimen
Mwen vle w promèt ke wap ret tann mwen
Ret tann mwen
Men m pata renmen ti pa ti pa
Ou annik disparèt nan vi m
Mwen vle w promèt ke wap ret tann mwen
Ret tann mwen
Je compterai les jours , les semaines, les mois
Jusqu'à ce que je revois ton sourire
Pa bliye Pa bliyeeeeee
Pa pa pa
Non Pa kite sa riveeeeee
Baby piga w bliye tout sa nou paseeee
Pa bliye Pa bliyeeeeee
Pa pa pa
Non Pa kite sa riveeeeee