Оберіть трек для відтворення
M'chwazon rout ki pa popilè
M'pron chimen kèk grenn frekante
M'chwazon rout ki pa popilè
M'pron chimen ampil evite
Gen dezè pou mwen travèse, dlo pou mwen janbe ak mòn poum monte
Gen obstak men mpaka fè back, devan jem fixe, se poum avanse
Gentan rive trò lwen, mpaka fè back
Tròp moun konte sou mwen mpaka bay vag
Oh non, msoti trò lwen pou mta bay vag
Oh non , msoti trò lwen mpaka bay vag
Rete atè mwen refize,
se poum pran vòl tankou fize
Se poum atenn sa mte vize
Pot bon nouvèl san mpa mize
Fòm fè gro lo san mpa mize
Se poum atenn sam te vize
Rete atè mwen refize,
se poum pran vòl tankou fize
M'chwazon rout ki pa popilè
M'pron chimen kèk grenn frekante
M'chwazon rout ki pa popilè
M'pron chimen ampil evite
Gen dezè pou mwen travèse, dlo pou mwen janbe ak mòn poum monte
Gen obstak men mpaka fè back, devan jem fixe, se poum avanse
Avanse se poum avanse
Se mwenk konnen kotem te ye lèl te jwenn mwen
Se mwenk pou diw etam te ye lèl te pran mwen
Oh my se pa de gras
De PAPITRÒPFOUTBAGAY à D~Cass
Mgentan rive trò lwen mpaka fè back
Lesyèl konte sou mwen mpa ka bay vag
Oh non msoti trò lwen poum ta bay vag
Mpaka bay vag non mpaka fè back
Mbliye tèt, sou zepòl mwen mchaje kwam
Pazapa, map swiv Kris pazapa
Palafwa, yeah map viv palafwa
Yon jou alafwa, swiv Kris pazapa, pèleren