
Yow, yow
Eh-eh, it's Roody Roodboy
(Pou Rood mizik) feat Shishie
(Empire)
Pouki se lè m pa la ou konn enpòtans mwen
Poutan lè m te avè w, ou pa t ban m chans mwen
M pa kapab ankò, m reprann plas mwen
Pa vin di m anyen
Ou pa janm sispann fè dlo kouri nan je mwen
Mwen bouke
Ou pa bezwen vin di m anyen, mwen p ap tande w
Ou mèt ale
Ale ki bò?
Ou kòmanse kraze moral mwen
Depi lè yo te di m yo te kwaze w ak Fat e Bil nan Epid'or
Silans! Ou mache sou zantray mwen
M te chwazi padone w paske m te kwè ke lanmou pi fò
Chak swa, ou soti ak fanm ou
Pandansetan ou kite m nan on vye kay ap tann ou, ye
Ou fè lòt fanm yo ap rele m tisina
Chak weekend w al boule lajan nan La Piscina, ye, ye
Valè pale m konnen m pale w, ou pa janm chanje
(Oh-ouh-oh-ouh-oh)
Valè babye m konnen m babye, ou pa janm chanje
(Oh-ouh-oh-ouh-oh)
Ou mèt pale, ou mèt sote, ou mèt ponpe
Depi ou wè m ale, m ale, m ale nèt
(Ale, ale, ale, ou mèt ale)
Ou sèmante, devan Bondye, ou p ap chanje
Si se pou mwen, ou mèt ale net
(Ale, ale, ale, ou mèt ale)
Hey, Shi, Shishie
(Wi, Roody)
Poukisa nou pa pran tann pou n pale pito?
(Mmh-mmh!) Pou youn konprann lòt (ya), pou youn padone lòt
Pou n ban tèt nou on lòt chans! (Ou menm?) Ah-ah!
Ou plede fè lòt fanm ap griyen dan sou mwen
M pa kwè w ap jwenn youn k ap ka ranplase mwen
Jan w aji fè fanmi w pa respekte mwen
Kilè w ap konn valè m?
Ou pa janm sispann fè dlo kouri nan je mwen
Mwen bouke
Ou pa bezwen vin di m anyen, mwen p ap tande w
Ou mèt ale
Eh, m poko prèt pou m ale, m poko pale
Ou poko di m kiyès ou konn al rele nan entènèt la
W ap pran pòz fache, mande anraje
Ou poko di m kiyès w ap plede bay jwe nan jwèt la
Se Facebook (pwoblèm)
BBM (pwoblèm), Whatsapp (pwoblèm)
Snapchat (pwoblèm)
Kisa w te vle m fè?
Pandan ou pa sispann jwe ak kè m
Valè pale m konnen m pale, ou pa janm chanje
(Oh-ouh-oh-ouh-oh)
Valè babye m konnen m babye, ou pa janm chanje
(Oh-ouh-oh-ouh-oh)
Ou mèt pale, ou mèt sote, ou mèt ponpe
Depi ou wè m ale, m ale, m ale nèt
(Ale, ale, ale, ou mèt ale)
M sèmante, devan Bondye, ou p ap chanje
Si se pou mwen, ou mèt ale nèt
(Ale, ale, ale, ou mèt ale)
Oh-oh-oh-oh
Ou pa merite mwen
Oh-oh-oh-oh
Ou pa merite m tou
Oh-oh-oh-oh
Ou pa merite mwen
Oh-oh-oh-oh
Ou pa merite m tou