Se pa on euphémisme lè m di rape e sel sak rete m
Sim abiye beat yo a pèn e paske kè m e sèl sa l mete
M sezi wè
Pale de kote sonm mwen pot limyè pou lòt
M sezi wè rape pèn mwen fèmen pòt doulè sou lòt
Depi back to myself lide a e te pou m itil avan tou
Ofri lòt petizaj menm si tèt pa m fin ranpli a van twoub
M fè on premye pa m f yon dezyèm m stil ap naje nan on dezè
Mpa gen kat nan menm poum jwe pandan do lòt yo chaje zèl
Men tou chak moun di m a mizik mwen m ede yo
Fe wem gen plas mwen ofri syèl mwen yon lot meteo
Koz onètman apa de sa m rive akonpli nan rape
Sou tout lòt fòm egzistans mwen frè m santim se yon rate
Tout moun konn jan sa ye isit lè w se gason
Sosyete ap fe tou nan kannòt ou si nan ou pa gen pwason
Imajine w mgen 26 an okenn sous kap banm likid
Tout planm ka fe pou demen evapore avan minwi
A tout kèm m anvi met ti frè a manman m alabri
Men diskou pap fe anyen rad mouye pa sèch anba lapli
Gen twòp pèn poum pote moblije aleje l ak ensousyans
Deyè souri m afiche chak jou frè a plen soufrans
Kalan ale on pati nan mwen ak Gwo tèt swiv li
La pat gen vi men m konnen kote w ye wap siviv
Gen zanmitay ki ale pi lwen pase lyen fanmi
M espere Gwo tèt ale tou avan peyi a touye flanm li
Mwen m la map balade ant reyalite m e rèv rapè a
Pasyon fem touche syèl men l poko levem atè a
Onètman m pè pou m pa pase tankou on lèt a a la pòs
Pou chwa m pa etene sou fil istwam nan on eta atwòs
Mpè fini tankou on kloun pou m pèdi nan on sik
M pè fini nan on kwen tankou on dosye klase san swit
M pè pou dlo jem yo pa etenn ti rès etensèl andanm nan
M pè pou m paka achte on demen miyò a sa m ta p vann tan m nan
Donk m aprizone tèt mwen dèyè on ekran pou m evade
Mpèdi nan fim pou m bliye jan reyalite m ap degrade
Mvle bliye nan ki pwen mank yo ap toufe tout sam eseye
Bliye reve bliye tann epi bliye espere
Chak jou m ap fon jan pou m raple m pou m bliye si m egziste
Paske pran konsyans m la raple m tou jan sa fè m mal
M aprann leson bonè yo men m pa janm ka resite
Pyebwa pa pouse sou beton yo pa moute kap nan fènwa
Kisa m genyen e pou sa k genyen m yo sa m ap kite si m ale kounya
Kisa m ap kite sou wout la avan gran chimen vale koulwa m
Eske vi m son dekorasyon on istwa sa pye ni tèt
Eske m son parantèz ki fèmen sou li san chif ni lèt
Eske nan moman enpòtan yo m te fè bon chwa yo
Eske pou travese dezè m te achte bon chamo
Kisa m merite kisa m dwe bay e tou kisa m dwe jwenn
Ki kredi m dwe bay longè vizyon m tou kisa m dwe je m
Eske m dwe bese bra moute manch mwen epi ale lwen
Ou eske m dwe ret gade toujou men m si m pa wè byen
Eske m dwe kenbe rèv la fè on fason poum pwotejel
Ou eskem dwe bay vag kite tan mennen m kote l vle