Pa apre pa rega m devan dèyè a gen twòp vye feeling
Vi m s on mo k pèdi nan on diksyonè yo bliye defiini
Konbyen bagay m kòmanse ke tan pa t vle m fini
O final rapè e sèl sa k rete m si m ta vle defini m
Donk album sa s on ochan pou tout diplòm m pat pran yo
Pou tout move zèl ki touye lespwa m nan batman yo
S on fason pou m tante ranpli kèk tou vid nan istwa m
S on kout penso pou koulè k kite m pou yo al nan lis nwa m
Pa apre pa apre m ap konstwi Opak pa apre pa Opak ap konstwi m
Non sa koud pèsonalite m donk li plis k on kostim
Album sa e pou timoun 10 an k tap rap kokiyo nan ti gwoup la
Pou slamè k te konn al van fèy nan lekòl pou 5 goud la
Se tout sa k mouri nan moun nan k bay rapè a nesans li
Chak tèks tòde nanm moun nan pou powèt la bay esans li
Donk album sa s on ochan pou tout sa k antere nan mwen yo
Tout pèn tout twomatis ki limen k ap klere nan mwen yo
Karyè m son plant ki pran rasin nan on jaden moman frè
On pa apre lòt m espere ofinal m rive rann manman m fyè
On pa apre lòt mizik mwen antre nan kè on pakèt moun
San konnen se chay kè m nou ban m poze sou pakèt nou
Donk pa apre pa m ap eseye panse maleng yo
Pa apre pa anatandan lè pou m ale mye
E si ofinal bonè yo peze mwens ke malè m yo
M a dechaje l nan on pwojè pou moun brize menm jan avè m yo
Donk pa apre pa m ap eseye panse maleng yo
Pa apre pa anatandan lè pou m ale mye
E si ofinal bonè yo peze mwens ke malè m yo
M a dechaje l nan on pwojè pou nanm brize menm jan avè m yo
Pa
Apre pa
Apre pa
Apre pa