Оберіть трек для відтворення
Tout prejuje k'gen sou la tè
Fè ke lè zòm pa ka janm viv an pè
Pwoblèm relijyon, pwoblèm koulè
konn fè'n bliye si nou se frè
E poutan lè n'ap karese
De yon sèl lang nou tout pale
S'on sèl fason nou fè lanmou,
S'on sèl "feeling" nou resanti
Kèlke swa nasyonalite'w
se menm sansasyon,
se menm "feeling"
E kèlke swa lang ou pale
s'on sèl fason nou fè lanmou
Kèlke swa nasyonalite'w,
lè "feeling" monte'w tonbe karese
Nou te mèt pa pale menm lang,
nou f'on jan nou kominike
Lanmou s'on langaj "universel";
se yon bagay ki natirèl
S'on sansasyon ki san parèy;
s'on "trait d'union entre les races"
Ou te mèt pale Panyòl,
ou te met pale Kreyòl
Lè "feeling" ap tonbe,
sansasyon ap monte
Di'm Ki Lang pale
Kèlke swa nasyonalite'w,
Se menm sansasyon,
se menm "feeling"
E kèlke swa lang ou pale,
s'on sèl fason nou fè lanmou
Kèlke swa nasyonalite'w,
lè "feeling" monte'w tonbe karese
Nou te mèt pa pale menm lang,
nou f'on jan nou kominike
Kèlke swa nasyonalite'w,
se menm sansasyon,
se menm "feeling"
E kèlke swa lang ou pale,
s'on sèl fason nou fè lanmou
Di'm ki lang ou pale lè w'ap fè lanmou
(M'pale Kreyòl)
Di'm ki lang ou pale lè w'ap karese
(M'pale Panyòl)
Di'm ki lang ou pale lè w'ap fè lanmou
(M'pale tenten)
Di'm ki lang ou pale hey
(M'pale "I wanna sex you up")
Mwen g'on ti menaj
Chak fwa m'ap karese'l
Mwen g'on jan mwen touche'l
Li di mwen cheri w'anpeche'm pale
Mwen g'on ti boubout (Kite'm pale)
Chak fwa m'ap karese'l (Doudou kite'm pale)
Mwen g'on jan mwen touche'l (Kite'm pale)
Li di mwen cheri w'anpeche'm pale (Cheri kite'm pale)
Mwen di kite'm pale (Kite'm pale)
(Doudou kite'm pale)
Mwen g'on ti menaj
Chak fwa m'ap karese'l
Mwen g'on jan mwen touche'l
Li di mwen cheri w'anpeche'm pale
Mwen g'on ti boubout
Ckak fwa m'ap karese'l
Mwen g'on jan mwen manyen'l (Kite'm pale)
Li di mwen doudou w'anpeche'm pale (Doudou kite'm pale)
Mwen di kite'm pale (Kite'm pale)
Hey (Doudou kite'm pale)
Mwen di kite'm pale (Kite'm pale)
Pale (Doudou kite'm pale)