Оберіть трек для відтворення
Souvan map chache yon konplemantè men m pa sur m s on konpleman
Yon reyalite kap chache fè m menm pa sur m se yon bon leman
Dèfwa se kleren an ankachèt pou evite kèk jijman
Dèfwa se mizik lan plase kèk mo sou yon enstriman
M te vle santi m renmen santi gen sou yo m ka konte
Jodia m te vle w met lank paw pita pou istwa rakonte
Sa djòl te ba n kòm baryè m te vle santi n te ka monte
M te vle moutre w valè souri menm jan sousi n te ka kontre
Preche w telman fasil menl difisil poum preche tèt mwen
Griyen dan avè w pita ak kochma m demele gèt mwen
M te vle fè djòlè pou kèk pròch men m pa vle nan manti
M te vle wè kèk kap fèl souri lè lavi a ap banm danti
M pat atann anyen men nwaye prè bato w s on kout kouto
Mak yo la m g on kò kap donnen kou a menm sil nan dlo
M wouze rèv mwen m konn plante l pa sifi gade l pouri
Zero akonplisman konfisyon prente nenl laj ap kouri
Konbyen fwa m tante
Konbyen fwa m kase danm
Konbyen fwa siksè banm poto
Depresyon pase pranm
Konbyen fwa m pèdi
Nan chache m pase tanm
Konbyen fwa m sibi atak yo
Lè m chache trase plan m
Konbyen fwa m tante
Konbyen fwa m kase danm
Konbyen fwa siksè banm poto
Depresyon pase pranm
Konbyen fwa m pèdi
Nan chache m pase tanm
Konbyen fwa m sibi atak yo
Lè m chache trase plan m
Plede bay rèv mwen radevou lavi konenm paka kenbe
Koman mandew karese pa w san baw espwa lap ka bande
Gen kèk tan m pa gade m nan glas depresyon ka ronje m
Petèt m te reve trò gran mak grandè a va sonje m
M fè efò pou m ret epòl ou menm lè tèt pa m ap balanse
Make pa sou plas menm baw enpresyon m ap avanse
Konnen gen chwa w fè menm pou blag kap griyen dan sou lavi w
Asime kenpòt sa l koz kap met aksan sou avi w
Sansasyon ke w sel nan yon mond ou pat imajine
Depresif ak yon rèv isi yo majinalize
Anfèt m pa trò konn fanmi koz pòch la poko koud
Koman rakonte w m pa pèdi si gen an poko menm goud
M pataje kontanm ak ou, pèn nan se pou kleren m
Pou pa enspire pitye w nan fèt ou si m bouje renm
Gen ase pou n ta kriye menn bay sa n genyen nan souri n
Menm lè n pa wè soley gen bouke n pap aksepte nan kouri n
Konbyen fwa m tante
Konbyen fwa m kase danm
Konbyen fwa siksè banm poto
Depresyon pase pranm
Konbyen fwa m pèdi
Nan chache m pase tanm
Konbyen fwa m sibi atak yo
Lè m chache trase plan m
Konbyen fwa m tante
Konbyen fwa m kase danm
Konbyen fwa siksè banm poto
Depresyon pase pranm
Konbyen fwa m pèdi
Nan chache m pase tanm
Konbyen fwa m sibi atak yo
Lè m chache trase plan m
M pa souri chak jou menw pap wè lè map kriye
Ou pap konn janm konn santi m sèl se zik lan m apiye
M pa garanti w map ret isi donk profite chak jou
Epaske m vle aprann de mak yo sim refize tatou
Anfet m s on moso moun ak mounite depase
Yon moun ki plonje n on vid e l gen misyon pou l ret kache
Konbyen fwa m tante met fen n on vi m pat konn janl te komanse
M pa si fò ke sa petet m se kontrè w teka panse
Konbyen fwa m tante
Konbyen fwa m kase danm
Konbyen fwa siksè banm poto
Depresyon pase pranm
Konbyen fwa m pèdi
Nan chache m pase tanm
Konbyen fwa m sibi atak yo
Lè m chache trase plan m